Anvan pwochen randevou entènasyonal yo, seleksyon Ekòs la, ki se youn nan advèsè Ayiti nan Koup Dimond lan, ap deplwaye gwo jefò pou ranfòse sektè ofansif li. Menm jan ak Ayiti, ki ap chèche konvenk Wilson Isidor pou l antre nan seleksyon nasyonal la, Ekòs ap suiv menm estrateji a pou vin pi solid.
Nan lide pou prezante yon ekip konpetitif nan Mondyal lan, Federasyon foutbòl Ekòs la ap travay an silans pou amelyore nivo seleksyon an. Dapre plizyè enfòmasyon, dirijan ekòsè yo ap swiv dosye Harvey Barnes, elye Newcastle ki ap jwe nan Premier League anglè a. Jwè a, ki gen yon sèl seleksyon ak Angletè nan yon match zanmitay an 2020, rete elijib pou l reprezante Ekòs gras ak orijin fanmi li.
Demach sa a pa diferan ak sa seleksyon ayisyèn nan ap fè. Konsyan defi ki ap tann Grenadye yo nan gwo konpetisyon an, Federasyon Ayisyèn Foutbòl la ap chèche ranfòse ekip la ak nouvo pwofil ki kapab pote plis fòs nan liy atak la. Se nan sans sa a non Wilson Isidor parèt kòm yon opsyon serye pou pote plis pwofondè ak efikasite nan jwèt Ayiti a.
Tou de seleksyon yo ap sèvi ak posibilite règ FIFA yo bay pou jwè ki gen plizyè nasyonalite, yon pratik ki vin komen nan foutbòl modèn lan.
Pandan Ayiti ak Ekòs ap prepare pou rankont yo nan Koup Dimond lan, estrateji ranfòsman sa yo montre klèman volonte chak seleksyon pou antre nan konpetisyon an ak pi bon zam posib. Rete pou wè si Harvey Barnes ak Wilson Isidor ap fè chwa ki kapab chanje balans fòs yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou