Nan kad 4èm jounen faz regilye seri kloti chanpyona nasyonal la nan gwoup Nò a, Baltimore SC ap resevwa Tempête FC jodi dimanch lan a 4è nan aprèmidi nan Pak Levelt, nan vil Senmak. Rankont sa a pral make 101èm derby senmakwa ant de (2) gwo rival istorik yo.
Derby sa a toujou gen yon gou espesyal nan foutbòl ayisyen an, paske li mete fas pou fas de (2) klèb ki gen anpil istwa ak anpil pasyon dèyè yo. Men anvan balon an woule, estatistik yo sanble klèman an favè Baltimore SC.
Nan seri ouvèti sezon an, Baltimore SC te deja pran avantaj sou rival li a aprè li te ranpòte match la (2-0). Rezilta sa a te kontinye mete presyon sou Tempête FC ki ap travèse yon long peryòd difisil kont ekip yo rele “4x4” la.
An reyalite, Tempête FC pa rive bat Baltimore SC depi plizyè lane. Bèl Kolòn yo ap viv yon seri 9 match san viktwa kont gwo rival yo. Dènye fwa Tempête te pran twa pwen nan derby sa a se te nan lane 2019, lè yo te genyen match la (1-0).
Depi lè sa a, bilan an montre dominasyon Baltimore SC: 9 match jwe, 7 match nil ak 2 defèt pou Tempête FC. Sa vle di TFC gen 7 lane san li pa bat Baltimore SC nan derby senmakwa a.
Pou 101èm chapit rivalite sa a, Tempête FC ap antre sou teren an ak objektif pou mete fen nan move seri sa a, Baltimore SC li menm ap chèche kontinye kenbe dominasyon li sou rival tradisyonèl li.
Ak atmosfè cho ki toujou genyen nan Pak Levelt, sipòtè yo deja ap tann yon gwo batay foutbòl kote prestij vil Senmak la pral kontinye monte nan zafè foutbòl.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou