AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Sébastien Migné bay rezon ki fè frè Ceïde yo pa nan seleksyon an

imaj atik la

19 Mas 2026   Jacky Chery   1116

Nan yon entèvyou avèk medya fransè After Foot, seleksyonè nasyonal lan, Sébastien Migné, tounen sou divès sitiyasyon ki gen pou wè ak ekip nasyonal lan, prensipalman sou dènye lis ki sòti pou 2 pwochen match Grenadye yo.


Kontrèman ak sa k ap di sou rezo sosyal yo, Sébastien Migné fè konnen jwè yo te kontakte l semèn pase pou fè l konnen yo poko dispoze pou entegre seleksyon nasyonal lan k ap jwe pandan mwa mas lan kont Islann ak Tinizi nan lakou Toronto.

Jwè Rosenberg BK yo te pami gwo ranfò piblik ayisyen an t ap tann pou rasanbleman mwa mas lan, avèk posiblite pou ta kapab reprezante Ayiti pandan Mondyal 2026 lan. Menmsi seleksyonè an pa montre lach la fèmen, li ka difisil pou jwenn jwè sa yo nan pwochen lis k ap gen pou sòti anvan Koup Dimond lan.

N ap note, Ayiti benefisye prezans Wilson Isidor ki vini ranfòse ekip lan. Atakan Sunderland lan rejwenn yon nouvo fanmi ki deja kòmanse montre lanmou yo genyen pou li. Nan yon entèvyou avèk selil près klèb lan, Wilson Isidor pa kache fyète li genyen pou pote koulè mayo sa.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou