AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon nouvo aparisyon pou Lourdjina Etienne nan Arkema Première Ligue lan

imaj atik la

22 Mas 2026   Jacky Chery   866

Jèn atakan ayisyèn 18 lane, Lourdjina Etienne, kontinye ap franchi etap nan pwogresyon li an Frans. Nan okazyon 18èm jounen Arkema Première lan, Grenadye an pami jwez FC Fleury te konvoke pou jwe jodi samdi an fas OL Lyonnes.


Lourdjina Etienne ki siyen premye kontra pwofesyonèl li ete 2025, te rantre nan 84èm minit pou FC Fleury ki tonbe fas OL Lyonnes (2-0) sou 2 gòl Melchie Dumornay ak Kadidiatou Diani te make.

Ansyen atakant U-17 ayisyèn lan depi kèk tan te plis ap evolye avèk U19 FC Fleury an. Avèk ekip pwofesyonèl lan, Lourdjina Etienne reyisi jwe yon 40èn minit nan wo nivo foutbòl fransè an.

N ap raple, nan lane 2024, Lourdjina Etienne te briye avèk Ayiti nan eliminatwa CONCACAF U-17 fanm nan kote l te fini meyè jwez konpetisyon an epi youn nan meyè bitèz yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou