Jounen yo ap pase, men yo toujou sanble pou AS Saint-Étienne ki pa sispann fè move rezilta. Nan okazyon 18èm jounen Arkema Première Ligue lan, Estefanwaz yo tonbe lakay yo (0-3) kont Paris FC.
Malgre prezans Déborah Bien-Aimée ki te titilè nan mitan tèren an, AS Saint-Étienne konnen yon lòt defèt nan chanpyona fransè an. Estefanwaz yo tou desann nan dènye plas klasman an, ki mete yo nan yon pozisyon difisil nan kad batay y ap mennen pou rete nan premye divizyon an.
Avèk 2 gòl sou penalite, AS Saint-Étienne pa t rive kontre ekip Paris FC an ki pase dezyèm nan klasman Arkema Première Ligue lan dèyè OL Lyonnes.
Avèk match sa ki jwe jodi samdi an, AS Saint-Étienne anrejistre yon 4èm defèt youn aprè lòt nan chanpyona fransè an. Malgre chanjman antrenè, Estefanwaz yo toujou pa ka pran fòm kò yo depi kòmansman sezon an.
N ap note, Déborah Bien-Aimée jwe tout match lan, alòske Amandine Pierre-Louis pa t prezan ditou. Defansè ayisyèn lan pa twò anfòm depi kèk tan nan ekip AS Saint-Étienne lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou