Nan okazyon 16èm jounen Seconde Ligue lan nan peyi Lafrans, atakan entènasyonal ayisyèn nan Chelsea Domond fè gòl nan match nil En-avant Guingamp fè jodi dimanch lan kont Stade de Reims (2-2).
Titilè nan atak la, Grenadye an te reponn prezan sou plizyè kou En-avant Guingamp te jwenn nan match lan. Nan fen premye mitan an (40’) Chelsea Domond te pèmèt ekip li an egalize fas Remwaz yo ki te jwenn ouvèti eskò an nan 19èm minit.
Atakan entènasyonal ayisyèn lan te make sou yon rebon, aprè yon premye frap li te fin fè ki kontre. Malgre En-avant Guingamp mal pozisyone nan klasman Seconde Ligue lan, Chelsea Domond kontinye livre bèl pèfomans avèk klèb lan ki jiskaprezan ki rete dènye nan klasman an.
Si medam Guingamp yo te fin kwè yo ta pral genyen match lan aprè yon dezyèm gòl yo ta pral make jis avan poz mitan an (45’) pou mennen 2-1, Stade de Reims ta pral touye espwa sa avèk yon egalizasyon pratikman nan tan adisyonèl.
N ap note, nan match foutbòl sa te genyen yon fas a fas ant 2 entènasyonal ayisyèn ki se Jasmine Vilgrain pou Stade de Reims epi Chelsea Domond ak Betina Petit-Frère nan En-avant Guingamp. Betina Petit-Frère te sou ban pou match sa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou