Ayè, viktwa (4-1) Real Madrid sou ekip Elche a pa sèlman te make pa gòl yo, men li te leve anpil kesyon pami fanatik yo. Anpil moun te mande kijan ekip madrilèn nan te rive fè 6 chanjman pandan match la, alòske règ nòmal nan La Liga ak nan majorite chanpyona Ewopeyen yo limite ekip yo a 5 ranplasman pa match.
An reyalite, sitiyasyon an gen rapò ak yon dispozisyon espesyal ki gen pou wè ak pwoteksyon sante jwè yo. Daprè pwotokòl sou gwo chòk nan tèt, sa yo rele nan lang Molyè a yon "commotion cérébrale" la, FIFA ak lig yo aplike lè yo sispèk yon jwè pran gwo chòk nan tèt, ekip la ka fè yon ranplasman medikal espesyal.
Ranplasman sa a pa konte nan limit 5 chanjman nòmal yo. Sa vle di ekip la ka rive jiska 6 chanjman pandan menm match la.
Nan rankont Real Madrid-Elche a, gen yon aksidan ki te antre nan kategori sa a. Nan premye mitan an, defansè Elche a, Buba Sangaré, te pran yon gwo chòk nan tèt aprè yon kontak ak mitan teren Real Madrid la, Eduardo Camavinga. Aprè entèvansyon ekip medikal la, sitiyasyon an te konsidere kòm "commotion cérébrale", sa ki te aktive règ espesyal la.
Yon fwa règ sa a aktive, tou de (2) ekip yo gen dwa pwofite yon chanjman anplis. Se poutèt sa Real Madrid ansanm ak Elche te fè 6 ranplasman yo chak nan menm match la.
Malgre kesyon taktik yo, objektif prensipal règ sa a se klè : pwoteje sante jwè yo sou teren an, sitou lè gen chòk ki kapab afekte sèvo a. Nan foutbòl modèn nan, kesyon sekirite jwè yo ap pran pi plis enpòtans chak sezon. Kidonk, non se pa koken, ni se pa twouble ekip yo te twouble vijilans abit se pito yon règ ki la pou sa, se aplike li te aplike.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou