Atakan entènasyonal ayisyen an, Lenny Joseph, fè yon gwo pèfòmans nan Ligue Europa a, jodi jedi 5 novanm 2026 la. Avèk yon double li make, atakan Ferencváros la pèmèt ekip li a bat AC Milan (0-2) sou teren San Siro a, nan kad katriyèm jounen faz lig konpetisyon an.
Se yon viktwa ki gen yon gou espesyal pou foutbòl ayisyen an, sitou paske Christian Pulisic, jwè entènasyonal ameriken an ki pral rankontre Ayiti nan mwa novanm nan, te sou teren an pandan de (2) gòl Lenny yo.
Premye gòl la rive nan 52èm minit. Lenny Joseph pwofite sou yon pas Kristoffer Zachariassen te ba li. Atakan ayisyen an pa t rete la. Nan 66èm minit, li frape yon dezyèm fwa, toujou sou yon pas Zachariassen, pou l mete Ferencváros (0-2) devan ekip italyen an.
Yon detay ki merite atansyon se pozisyon Christian Pulisic nan rankont lan. Ameriken an te kòmanse sou ban ranplasan yo, men antrenè AC Milan an te fè l antre nan kòmansman dezyèm peryòd la, nan 46èm minit. Se konsa, li te sou teren an lè Lenny Joseph te make tou de (2) gòl li yo. Lenny te sòti nan 67èm minit, aprè double li a.
Ferencváros te menm oblije fini rankont lan ak dis (10) jwè aprè Bamidele Yusuf ki te ranplase Lenny te resevwa katon wouj nan 77èm minit. Malgre sa, ekip ongwa a te kenbe avantaj li pou l al pran yon viktwa enpòtan nan San Siro a.
Pèfòmans Lenny Joseph la vini nan yon moman kote Ayiti gen pou l kwaze ak Etazini nan kad kadefinal Ligie des Nations CONCACAF la. Christian Pulisic deja nan lis 25 jwè Mauricio Pochettino chwazi pou de (2) rankont sa yo.
Premye match la ap fèt samdi 14 novanm, nan Nu Stadium, Miami, apati 4è30 nan aprèmidi. Match retou a fikse pou madi 17 novanm, nan TQL Stadium, Cincinnati, apati 7è nan aswè.
Lenny Joseph bay yon bèl siyal ak gòl li yo kont klèb kote Pulišić ap evolye a. Men, li enpòtan pou presize Ayiti poko sòti lis li a. Si Lenny fè pati gwoup la, sa kapab bay konfwontasyon Ayiti ak Etazini an yon lòt dimansyon.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou