Violette Athletic Club remèsye Premye Minis la, Alix Didier Fils-Aimé, ak minis Jenès Espò ak Aksyon Sivik la, Pythagore Dumas, pou sipò yo bay ekip la nan pran an chaj vwayaj delegasyon klèb la pou ale Jamayik, kote li pral jwe match retou demifinal Koup Karayib CONCACAF la kont Portmore United.
Nan yon nòt remèsiman ki pote dat lendi 26 oktòb 2026 la, komite egzekitif Violette AC eksprime rekonesans li anvè de otorite yo pou akonpayman sa, nan yon kontèks kote klèb la te oblije chanje plan deplasman li aprè yo te entèdi l jwe match la sou tèritwa dominiken an.
Vye Tig yo pwofite okazyon an pou l raple efò finansye li te deja fè pou l respekte angajman li yo, sitou pou depans lojman, lokasyon estad ak transpò. Pou direksyon klèb la, jès otorite ayisyen yo reprezante yon siy solidarite ak yon ankourajman pou travay l ap fè nan foutbòl la.
Nan menm nòt la, Violette AC mete aksan sou wòl li nan ankadreman jèn yo ak nan devlopman yo atravè pratik foutbòl. Klèb la, ki gen rekonesans sèvis piblik depi lontan, konsidere sipò sa kòm yon siy konsiderasyon pou angajman li nan sosyete a.
Violette AC fini nòt li a pandan l ap renouvle angajman li pou kontinye reprezante foutbòl ayisyen an sou sèn entènasyonal la epi bay sipò Leta a tout enpòtans li.
Match retou demifinal la ap dewoule mèkredi 28 oktòb 2026 la, a 7è nan aswè, lè Ayiti, nan Sabina Park, nan Kingston, Jamayik. Violette AC ap chèche remonte defisi 3-1 li te pran nan match ale a pou l ka jwenn plas li nan final konpetisyon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou