ESPAY   LaLiga   Segunda   CopaDelRey   Lòt  
AKÈY ESPAY Segunda

Segunda

Yon jwè Tenerife mouri aprè li fin frape ak yon gadyen

imaj atik la

3 novanm 2026   Steve Pierre   1305

Foutbòl panyòl la nan gwo lapèn aprè lanmò Jesús de Miguel, yon atakan ekip CD Tenerife a, ki mouri jodi madi 3 novanm 2026 a 30 lane, aprè yon gwo frape ak gadyen FC Andorra a, Jesús Owono, pandan yon match chanpyona dezyèm divizyon Espay.


Ensidan an te pase ayè lendi 2 novanm lan nan estad Heliodoro Rodríguez López, nan zile Kanari yo. Pandan de ekip yo te (2-2), nan tan adisyonèl, Jesús de Miguel t ap kouri dèyè yon balon ki te voye nan kan advès la. Gadyen FC Andorra a, ki te sòti lwen nan kan pa li pou l al degaje balon an, te frape ak atakan an. Jenou gadyen an te frape jwè Tenerife a avèk anpil fòs, sitou nan zòn pwatrin li.

Aprè gwo chòk sa, Jesús de Miguel te tonbe sou tèren an. Li te eseye leve pandan kèk segonn, men li te vin pèdi konesans. Sèvis medikal yo te entèvni prese prese. Jwè a te fè yon arè kè, men sekouris yo te rive relanse kè li anvan yo te transpòte l an ijans nan lopital Nuestra Señora de Candelaria, nan Santa Cruz de Tenerife.

Malgre swen medikal li te resevwa nan sèvis swen entansif, eta sante li te vin pi grav. Klèb CD Tenerife a te konfime lanmò l maten an, vè 8è, lè Lespay.

Bò kote pa l, abit match la te bay gadyen Jesús Owono katon wouj pou entèvansyon li a. Sepandan, aprè lanmò atakan an, lapolis panyòl lanse yon ankèt pou klarifye tout sikonstans ensidan an, sitou pou konnen si gen yon responsablite penal. Otorite yo poko deklare gadyen an koupab, paske kolizyon an te fèt pandan yon aksyon nan match la.

Jesús de Miguel, ki te gen 30 lane, te pase nan plizyè klèb nan foutbòl panyòl la anvan li te vin jwe pou CD Tenerife an 2025. Lanmò li kite fanmi li, madanm li, pitit fi li, koyekipye li yo ak tout kominote foutbòl la nan lapèn.

Aprè trajedi sa, plizyè gwo klèb panyòl, tankou Real Madrid ak FC Barcelone, te prezante kondoleyans yo. Federasyon foutbòl Espay la te anonse tou ranvwa kèk match Koup Diwa ak Koup Rèn nan ki te pwograme pou madi a, nan siy respè pou jwè a ki pèdi lavi li.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )