Nan kad preparasyon pou pwochen Koup Dimond U-17 lan, Seleksyon nasyonal la genyen U-17 klèb brezilyen Vasco da Gama (4-1) nan yon match ki jwe ayè mèkredi 4 novanm lan.
Gras ak Widlet Jean-Simon (35’), Emerson Laisse (37’), Marvenly Exilas (61’) epi Julien Casillas (77’), Grenadye yo fè bèl viktwa sa pou premye match yo nan dènye faz preparasyon an nan Sao Paolo.
Sou direksyon Kowsky Saint-Vil, jèn Grenadye yo tanmen depi semèn pase dènye liy dwat preparasyon yo avèk soutyen òganizasyon Viva Rio ki te fasilite pwosesis administratif yo.
N ap raple, pou edisyon Koup Dimond U-17 sa k ap jwe yon lòt fwa ankò nan peyi Kata, Grenadye yo ap gen pou jwe nan gwoup D an ansanm avèk Lafrans, Arabi Sawoudit epi Irigwe.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou