Klèb Tottenham Hot Spurs la ap plonje pi ba nan klasman Premier League la. Spurs yo sou 13 match depi yo pa konn gou viktwa nan chanpyona anglè a.
Bagay yo mangonmen pou ekip Tottenham lan nan chanpyona anglè a. Malgre plizyè gwo depans direksyon klèb la fè nan achte jwè chanje antrenè men bagay yo vire tou nwa pou Spurs yo nan Premier League la.
Pandan lis jwè yo genyen ki blese ap vin pi long, se pi rèd pou Tottenham ki vin nan gwo difikilte pou genyen yon match nan Premier League la. Dènye viktwa yo nan chanpyona a se te nan dat 28 desanm 2025 fas ekip Crystal Palace la (1-0). Malgre direksyon klèb la chanje antrenè men anyen pa mache. Kabwèt yo toujou an pàn kawoutchou.
Ekip Tottenham lan gen 7 jwè nan efektif yo a ki blese. Pami yo yon atakan (Wilson Odobert), 5 mitan tèren pami sa ki konn titilè yo ak yon defansè.
Pou moman la a Tottenham nan 17èm plas klasman an ak yon sèl grenn pwen anplis ekip ki nan pati relegab la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou