Nan kad premye jounen dènye faz eliminatwa CONCACAF U-17 fanm yo, seleksyon nasyonal ayisyèn lan tonbe jodi madi an 3-1 fas Pòtoriko. Yon rezilta ki kite yon gou anmè nan bouch Grenadye yo ki bay nanm yo sou tèren an.
Avèk yon efektif ki gen jiskaprezan 16 jwez, seleksyon ayisyèn U-17 fanm nan jwe kont Pòtoriko ki se youn nan pi bon ekip ki gen nan zòn CONCACAF lan. Aprè yon bon pati nan premye mitan 0-0, medam ayisyèn yo ta pral pran 2 gòl nan fen premye mitan an.
Jèn talan ayisyèn yo pa t dekouraje, jiskaske yo pouse pou redui eka nan eskò an sou yon bèl frap kapitèn ekip lan, Miya Larco, te fè nan tan adisyonèl avan yo rantre nan vesyè an.
Nan dezyèm mitan an, malgre Grenadye yo te gen kontwòl balon an, Pòtoriko ta pral make yon lòt gòl nan 15 dènye minit yo pou mete match lan 3-1. Antrenè ekip lan, Frenoy Baptiste, te fè plizyè chanjman, ki malerezman pa t pèmèt Ayiti ranvèse sitiyasyon match lan.
Grenadye yo ap gen pou retounen sou tèren jedi 19 mas k ap vini la pou jwe kont Etazini, avan yo fèmen dènye faz eliminatwa a kont Bèmid ki tonbe 18-0 fas amerikèn yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou