AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Yon kochma k ap rapouswiv pou Leverton Pierre nan peyi Pòtigal

imaj atik la

15 Mas 2026   Jacky Chery   1195

Nan yon moman kote seleksyon nasyonal ayisyèn lan ap prepare pou l patisipe nan Koup Dimond 2026 lan, sitiyasyon Leverton Pierre nan Vizela FC kontinye ap deteryore. Mitan tèren ayisyen an pratikman p ap jwe depi yon bon bout tan.


Nan okazyon 26èm jounen dezyèm divizyon an nan peyi Pòtigal, Leverton Pierre pase tout match lan sou ban yon lòt fwa ankò. Yon sitiyasyon ki mete gwo pwen entèwogasyon sou prezans li nan seleksyon ayisyèn lan pou Mondyal 2026 lan.

Nan match sa Vizela FC genyen Lusitania Lourosa (4-3) jodi dimanch lan, Grenadye an te sèlman kapab kontante l ak prezans li nan lis 18 jwè ki te konvoke yo pou jounen sa. Sou 4 dènye match Vizela FC yo, Leverton jwe apèn kèk segond nan yon match, sa ki montre li pa rantre nan plan antrenè an.

Sou tout sezon an nan chanpyona dezyèm divizyon Pòtigal lan, mitan tèren ayisyen an jwe sèlman 134 minit daprè Sofa Score. Leverton patisipe nan 9 match, san l pa janm rive titilè nan pyès nan yo.

N ap raple, Sébastien Migné ki se antrenè seleksyon nasyonal lan gen pou sòti madi 17 mas k ap vini la lis jwè li konvoke pou 2 pwochen match amikal Grenadye yo ap gen pou jwe nan peyi Kanada kont Islann ak Tinizi.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou