Nan yon korespondans ki ale jwenn direksyon klèb lan jodi vandredi an, Claudeson Stanley Céus anonse desizyon li pran pou kite Racing FC Gonayiv.
Aprè sanksyon jwè a te pran pou move konpòtman li te genyen nan avan dènye jounen chanpyona kote l te kite tèren an aprè antrenè an te fin retire l, listwa lanmou sa pratikman rive nan bout li.
Nan korespondans sa, Claudeson Stanley Céus fè konnen li pran desizyon sa aprè konsèy pwòch li ba li, prensipalman manman l, sou relasyon konplike ki genyen avèk klèb lan dènye tan sa yo.
Meyè jwè ak meyè bitè seri ouvèti chanpyona nasyonal lan remèsye dirijan Racing FC yo ak fanatik yo ki te ofri l espas sa pou l te kapab grandi kòm jwè foutbòl epi kòm moun.
Annatandan swit dosye sa, Claudeson Stanley Céus deja mete l a dispozisyon nenpòt lòt klèb nan chanpyona nasyonal lan ki ta swete genyen sèvis li. Racing FC te sanksyone atakan yo an pou peye amand epi rete deyò tout aktivite klèb lan pandan yon moman.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou