AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Chanpyona nasyonal la prezan nan lis seleksyon nasyonal la

imaj atik la

17 mas 2026   Benswilkenson Jean   1229

Antrenè fransè a Sébastien Migné sòti yon lis 25 jwè pou 2 match amikal Ayiti ap jwe nan mwa mas la. Nan lis sa a gen yon jwè ki sòti nan chanpyona nasyonal la.


Sébastien Migné fè apèl ak mitan tèren Violette Athletic Club la, Woodensky Pierre nan lis 25 jwè ki pral reprezante peyi a nan 2 match amikal yo nan mwa sa a kont Tinizi ak Islann.

Chanpyona Nasyonal la sou premye sezon anba kontwòl LHF la sou 4èm jounen yo nan dezyèm manch chanpyona a. Pou premye edisyon sa a, LHF la jwenn premye reprezantan nan gran seleksyon nasyonal la.

Jèn mitan tèren chanpyona la pral gen posiblite pou montre sa li gen anndan l nan antrènman epi pou l wè si li ta jwenn chans pou jwe kèk minit nan match yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou