AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

AS Capois nan gwo kouri pou match fas Tempête FC a

imaj atik la

22 mas 2026   Benswilkenson Jean   910

Klèb ASC a gen pwoblèm transpò pou al jwe match fas Tempête FC a nan Ligue Haïtienne Football la. Daprè jounalis Odson Jules machin ki te pote ekip la mete yo atè nan zòn Gonayiv pandan match la se Senmak li ap fèt.


Nan kad 5èm jounen seri retou chanpyona nasyonal premye divizon an, Vye kòk kapwa yo ki gen randevou pou deplase al jwe nan pak Levelt la fas ekip Tempête FC a gen gwo difigilte pou rive nan vil la.

Daprè enfomasyon jounalis Odson Jules, ekip la ki tap sòti Okap poko gen chans pou rive nan vil Senmak akoz machin kite pote yo a mete yo Gonayiv depi nan lè 11è nan maten. Pou jis kounya nan lè 3è, okenn lòt inisyativ poko pran pou ekip la ta rive nan vil Senmak pou al jwe match la.

Yon pwoblèm ki kapab lakoz rankont lan ranvwaye si pa gen dilijans ki fèt. Match sila te pwograme pou lè 4è.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou