AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Ayiti rate okazyon pou te jwe Mondyal U-17 fanm nan pou premye fwa nan istwa l

imaj atik la

23 Mas 2026   Jacky Chery   1159

Seleksyon nasyonal ayisyèn U-17 fanm nan pa kalifye pou Mondyal kategori sa k ap gen pou jwe ane sa. Malgre viktwa medam Grenadye yo jodi dimanch lan kont Bèmid (2-0), rèv pou te ofri Ayiti premye patisipasyon l nan Mondyal U-17 fanm nan tonbe nan dlo.


Gras ak Adjani Mondestin nan dezyèm minit epi Nya Jean-Baptiste nan 84èm minit, jèn Grenadye yo fè yon viktwa pou sove lonè nan konpetisyon an. Ayiti fini twazyèm nan gwoup li an dèyè do Etazini ak Pòtoriko ki fini meyè dezyèm.

Aprè yon premye faz ekstraòdinè, jèn Grenadye yo pa t rive reponn fas advèsè li yo ki pa t piti ditou. Seleksyon ayisyèn lan te fè 4 viktwa nan 4 match li te jwe yo.

Avèk yon efektif ki pa t konplè akoz 5 jwez ekip lan ki te bloke an Ayiti, Frenoy Baptiste pa t kapab fè mirak avèk ekip lan ki pa t menm genyen rès estaf teknik lan ki te egalman bloke an Ayiti.

N ap raple, seleksyon ayisyèn U-17 lan te pèdi premye match lan 3-1 fas Pòtoriko, avan l te pral pran yon koreksyon kont Etazini 9-0. CONCACAF lan pral genyen 4 ekip pou reprezante l nan Mondyal lan k ap fèt nan peyi Mawòk pou fen lane an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou