Peyi Izreyèl ki te nan lagè depi plizyè lane ak peyi Palestin, tonbe anba sanksyon FIFA aprè peyi Palestine fin depoze yon plent pou li. Nan sanksyon sa a komisyon disiplin FIFA a rekonèt peyi Izrayèl vyole plizyè règ ki gen rapò ak koze diskriminasyon epi Fair-play.
Nan sanksyon sa yo, FIFA bay Izrayèl yon amand 150 mil ewo, yon avètisman ofisyèl epi Izrayèl dwe mete yon sistèm pou kouri dèyè diskriminasyon.
Pou 3 pwochen match li ap resevwa yo, Izrayèl ap gen pou mete yon banyè ki ap make " Foutbòl ini mond lan, aba diskriminasyon".
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou