FIFAMondyalMondyalClubAmikalLòt
AKÈY FIFA Mondyal

Mondyal

Dick Advocaat retounen nan tèt seleksyon Kiraso a

imaj atik la

13'Me 2026   Jacky Chéry   1087

Federasyon foutbòl Kiraso an ofisyalize jodi mèkredi an retou Dick Advocaat nan tèt seleksyon Kiraso an k ap gen pou patisipe nan mondyal 2026 lan. Aprè demisyon Fred Rutten, antrenè olandè an retounen kòm antrenè seleksyon an, kèk mwa sèlman aprè l te kite pòs la.


Nan mwa fevriye ki sot pase an, Dick Advocaat te anonse demisyon li kòm antrenè seleksyon Kiraso an akoz pwoblèm sante yon pitit fi li te genyen. Ranplasan li an, Fred Rutten pa t rive jwenn amoni avèk jwè yo ki pa t deside kolabore avèk li.

Dick Advocaat retounen pran tèt ekip lan pou mennen l nan premye faz final Koup dimond li, aprè yon kalifikasyon istorik nan fen ane 2025 lan. Kiraso pral gen pou jwe nan gwoup E an avèk Almay, Kotdivwa epi Ekwatè.

N ap note, malgre demisyon an, Fred Rutten toujou rete nan estaf lan pou kapab patisipe nan gwo avanti istorik sa Kiraso pral fè nan Koup dimond lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou