ANGLETÈPremierLeagueChampionshipFACupLòt
AKÈY ANGLETÈ Championship

Championship

Yo kenbe yon ekip nan dezyèm divizyon peyi Angletè nan fè koken

imaj atik la

19 me 2026   Benswilkenson Jean   601

Championship la pran yon gwo sezisman lè yo kenbe yon manm nan estaf klèb Southampton lan k ap espyone antrènman yon lòt klèb. Federansyon anglèz la bay Southampton gwo sanksyon


Nan dezyèm divizyon chanpyona anglè a yon gwo evènman pase. Klèb Southampton lan ki konsène nan baraj pou monte nan premye divizyon finalman p ap monte akoz yon aksyon koken.

Chanpyona sila a ki toujou gen yon faz pleyòf pou detèmine twazyèm ekip k ap kalifye pou monte nan premye divizyon an, toujou fèt sou yon seyans 3 match. Yo kòmanse nan demifinal ak final. Nan demifinal pleyòf la ane sa a Southampton te gen randevou kont klèb Middlesbrough la.

Dirijan yo kenbe yon manm estaf klèb Southampton lan k ap filme antrènman klèb Middlesbrough la. Yon aksyon dirijan chanpyona a jije trè di. Yo tou mete klèb Southampton lan deyò nan pleyòf la epi yo penalize l 4 pwen sou pwochen sezon 2026-2027 la.

Aprè aksyon sa a Middlesbrough tou tonbe dirèk nan final pleyòf la kont Hull City.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou