AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Mondyal 2026 : Ferencváros TC anonse Lenny Joseph, yon nouvo zam pou atak Grenadye yo

imaj atik la

15 me 2026   Steve Pierre   1664

Se yon gwo sipriz ki tonbe sou fanatik foutbòl ayisyen yo. Jodi vandredi 15 me 2026 la, klèb ongwa a, Ferencváros TC, pibliye yon mesaj ofisyèl kote yo anonse atakan yo a, Lenny Joseph, resevwa premye konvokasyon li ak seleksyon Ayiti pou jwe Mondyal 2026 la. Yon nouvèl ki vin bay plis eksitasyon kèk semèn sèlman anvan gwo konpetisyon an.


Anons sa a vini kòm yon veritab sipriz paske li soti dirèkteman sou paj ofisyèl Ferencváros TC a, san Federasyon Foutbòl Ayisyen an (FHF) poko pibliye lis 26 la. Sa montre klèman ke Lenny Joseph rantre nan plan teknik seleksyon an pou Mondyal la anba men seleksyonè a, Sébastien Migné.

Atakan 25 lane a, ki gen orijin ayisyen, ap fè yon sezon ki trè solid nan peyi Ongri. Li fè pati yon ekip Ferencváros ki pou kounya 2e nan klasman chanpyona a, kote klèb la ap goumen pou tit ak kalifikasyon Ligue des Champions.

Nan nivo pèfòmans, Lenny Joseph ap enpresyone ak enpòtans li nan atak la: mouvman san boul, vitès li, ak kapasite li pou make nan moman enpòtan yo fè li tounen yon jwè ki kapab chanje match. Se kalite pwofil sa a anpil moun panse ki te manke nan atak Grenadye yo.

Pou sezon an nan chanpyona a, li gentan make 7 gòl nan 24 match. Nan Europa League la li te make 2 gòl ak 5 gòl nan koup Ongri a.

Mete sou sa, li deja genyen yon twofe sezon sa a avèk Ferencváros TC a, apre li te genyen koup Ongri a, nan kòmansman mwa me a, yon siksè ki vin konfime bon fòm li ak eksperyans li nan match desizif yo.

Nan yon lòt bò, seleksyon Ayiti a ap antre nan yon peryòd kote kèk atakan eksperimante pa nan pi bon fòm yo, swa akoz blesi oswa yon bès pèfòmans, lè nou pran moun tankou Picault ak Derrick Étienne.

Sa fè konpetisyon nan atak la pi ouvè, epi li poze yon gwo kesyon: èske Lenny Joseph kapab vin yon solisyon imedya pou ekip la nan yon konpetisyon enpòtan tankou Mondyal la?

Pou anpil obsèvatè, repons lan se "wi". Avèk enèji li, fòm aktyèl li, ak eksperyans li an Ewòp, li ka vin yon opsyon serye pou ranfòse liy atak la, espesyalman nan moman kote ekip la bezwen plis pwofondè ak plis efikasite devan gòl.

Nan yon kontèks kote Ayiti ap chèche estabilite pou Mondyal 2026 la, konvokasyon Lenny an parèt tankou yon mesaj klè: seleksyon an ap chèche nouvo enèji pou fè diferans lan.

Rete kounye a pou wè si jèn atakan sa a ap kapab transfòme bon fòm li an Ewòp pou l vin yon pyès enpòtan nan rèv Grenadye yo pandan mondyal la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou