Lis 26 Grenadye yo pou Mondyal la finalman sòti. Seleksyonè a Sébastien Migné pibliye lis ofisyèl la, epi li pote anpil emosyon: nouvo figi, gwo retou, men tou gwo absans ki deja ap fè deba nan mitan fanatik yo. Pami pi gwo nouvo yo gen : Dominique Simon ak Lenny Joseph.
De (2) nouvo non fè premye aparisyon yo nan seleksyon an pou yon gwo konpetisyon mondyal:
Dominique Simon (FC Tatran Prešov), yon mitan teren ki vin pou ranfòse konstriksyon jwèt la. Avèk teknik li ak vizyon li, li kapab jwe yon wòl kle nan kontwòl balon an.
Lenny Joseph (Ferencvárosi TC), yon nouvo zam pou atak la. Jwè a ki ap evolye nan Ferencvárosi TC vini avèk vitès epi kapasite pou kraze defans advèsè yo. Li ka pote yon nouvo dinamik nan sifas advèsè a.
Chwa sa yo montre klèman estaf teknik Ayiti a ap chèche jèn ki gen enèji ak jwè ki grangou pou siksè sou sèn entènasyonal la.
Men lis la pa sèlman pote bon nouvèl. Li vini ak gwo desizyon ki deja kreye diskisyon:
Fafa Picault: Absans li se yon gwo kou pou atak la. Vitès li ak eksperyans li te souvan yon zam enpòtan pou Grenadye yo. Gaven Metusala pa prezan tou, sa ki poze kesyon sou estabilite defans la. Gen obsèvatè ki mande kisa prezans yon nèg tankou Carl Fred Sainthé ap fè nan lis la tou.
Gen Donald Guerrier, ki te espere la, ki pa la, malgre pwopagann ak kanpay li sou rezo a pou l te ka tounen nan seleksyon an pou l vin ajoute Mondyal la nan lis konpetisyon li jwe nan karyè li. Malgre sa li dòmi deyò, Donald oblije tann 2034.
Men lis konplè 26 Grenadye yo :
Gadyen yo
Johnny Placide (SC Bastia)
Alexandre Pierre (FC Sochaux)
Josué Duverger (FC Cosmos Koblenz)
Defansè yo
Carlens Arcus (Angers SCO)
Wilguens Pauguain (SV Zulte Waregem)
Duke Lacroix (Colorado Springs)
Martin Experience (AS Nancy-Lorraine)
JK Duverne (KAA Gent)
Ricardo Adé (LDU Quito)
Hannes Delcroix (FC Lugano)
Keeto Thermoncy (BSC Young Boys II)
Mitan teren yo
Leverton Pierre (FC Vizela)
Carl-Fred Sainthe (El Paso Locomotive FC)
Jean-Jacques Danley (Philadelphia Union)
Jeanricner Bellegarde (Wolverhampton)
Pierre Woodenski (Violette AC)
Dominique Simon (FC Tatran Prešov)
Atakan yo
Louicius Deedson (FC Dallas)
Ruben Providence (Almere City FC)
Josué Casimir (AJ Auxerre)
Derrick Etienne (Toronto FC)
Wilson Isidor (Sunderland AFC)
Duckens Nazon (Esteghlal FC)
Frantzdy Pierrot (Çaykur Rizespor)
Yassin Fortune (FC Vizela)
Lenny Joseph (Ferencvárosi TC)
Lis sa a montre yon chanjman klè nan vizyon estaf teknik la: plis jèn, plis vitès, plis enèji. Avèk nouvo figi tankou Lenny Joseph, Grenadye yo ap antre nan Mondyal la ak yon nouvo espwa nan atak la, menm si absans kèk veteran tankou Fafa Picault ap kite yon vid emosyonèl ak teknik. Kounye a, tout je sou teren an se la repons yo ap bay.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou