Entènasyonal ayisyen an Frantzdy Pierrot vin ajoute yon nouvo tit nan karyè li, aprè AEK Athens ranpòte chanpyona Grès la pou sezon 2025-2026 la.
Atakan an te rejwenn klèb grèk la an 2024, kote li te kòmanse vin yon bon eleman nan ekip la pandan premye sezon li an. Pandan sezon 2025-2026 la, li te toujou fè pati AEK Athènes, men nan dezyèm pati sezon an, klèb la te deside voye li an prè nan Çaykur Rizespor nan peyi Latiki, pou li kontinye jwenn plis tan jwèt.
Malgre deplasman sa a, règ FIFA ak règ chanpyona grèk la klè: yon jwè ki anrejistre nan yon ekip epi ki te patisipe nan match ofisyèl pandan sezon an ka toujou konsidere kòm chanpyon, menm si li fini sezon an sou fòm prè nan yon lòt ekip.
Se konsa, AEK Athènes rive ranpòte tit la aprè yo fini premye nan Super League Grès la.
Pou Frantzdy Pierrot, sa make yon etap enpòtan: menm si li te fini sezon an an Tiki, kontribisyon li nan premye pati sezon an pèmèt li ofisyèlman antre nan lis chanpyon yo ak AEK Athènes.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou