ESPAYLaLigaSegundaCopaDelReyLòt
AKÈY ESPAY LaLiga

LaLiga

Finalman Mbappé pete abse a an piblik sou antrenè Real Madrid la. Arbeloa reponn san benyen kache lonbrik

imaj atik la

14 me 2026   Benswilkenson Jean   4944

Jedi 14 me 2026 la Real Madrid genyen 2-0 ekip Real Oviedo a men Mbappé pa t titilè pou match sa a. Sa ki pa t fè atakan fransè a plezi ditou.


Aprè match la Mbappé pase devan mikwo jounalis yo li deklare. " Mwen dwe travay pou m pi bon pase Gonzalo Garcia, Mastantuono ak Vinicius si tout fwa mwen vle jwenn plas mwen. Mwen te pare pou m demare match la men antrenè a di mwen se 4èm atakan l, mwen dwe respekte sa".

Yon deklarasyon ki parèt konfime tout enfòmasyon ki fè kwè vestyè madrilèn nan tèt anba daprè medya espanyòl yo.

Antrenè Alvaro Arbeloa te sezi tande jan de deklarasyon sa a nan bouch ansyen parizyen an. Antrenè espanyòl la demanti piblikman deklarasyon Mbappé ki di li te di l se 4èm atakan l lan.

Antrenè a pito fè konnen li lojik pou Mbappé pa t titilè paske sa gen 4 jou li pa t menm ka sou ban pou klasiko a. Li te pwofite raple fransè a se li ki antrenè ekip la se li ki la pou deside sou kiyès k ap jwe ak kiyès ki p ap jwe.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou