Rete sèlman 28 jou pou Mondyal la rive, Lafrans se premye seleksyon nan favori yo ki sòti lis ofisyèl li pou evènman an.
Didier Deschamp rann piblik lis ofisyèl 26 jwè ki pral reprezante peyi Trikolò a nan Mondyal 2026 la. Nan lis sa a ki pa prèske gen sipriz, nou kapab wè prezans jèn gadyen 21 lane RC Lens lan Robin Rissier ki resevwa premye konvokasyon l ak Lafrans.
Nan atak la balon dò 2025 lan prezan bò kote Mbappé.
Lis la konplè:
GADYEN: Mike Maignan (AC Milan), Brice Samba (Stade Rennais) ak Robin Risser (Racing Club de Lens)
DEFANSÈ: Theo Hernandez (AC Milan), Lucas Digne (Aston Villa), Ibrahima Konaté (Liverpool), Lucas Hernandez (Paris Saint-Germain), Maxence Lacroix (Crystal Palace), Malo Gusto (Chelsea), Jules Koundé (FC Barcelone), William Saliba (Arsenal) ak Dayot Upamecano (Bayern Munich).
MITAN TÈREN: Adrien Rabiot (AC Milan), Aurélien Tchouaméni (Real Madrid), Manu Koné (AS Roma), Warren Zaïre-Emery (Paris Saint-Germain) ak N’Golo Kanté (Fenerbahçe).
ATAKAN:Bradley Barcola (Paris Saint-Germain), Désiré Doué (Paris Saint-Geramin), Rayan Cherki (Manchester City), Michael Olise (Bayern Munich), Kylian Mbappé (Real Madrid), Marcus Thuram (Inter Milan), Maghnés Akliouche (AS Monaco), Ousmane Dembélé (Paris Saint-Germain) et Jean-Philippe Mateta (Crystal Palace).
Gwo absan nan lis sa a se mitan tèren Real Madrid la, Edouardo Camavinga, pandan gen 14 jwè fransè ki pral patisipe nan Mondyal pou premye fwa.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou