Chanpyona nasyonal la pou yon dezyèm fwa gen jwè ki mondyalis. Depi aprè 1974 chanpyona nasyonal la pa t janm gen yon jwè ki pral jwe Mondyal. Woodensky leve defi a.
Seleksyon ayisyèn lan sou dezyèm patisipasyon l nan Mondyal. Premye patisipasyon yo se te nan lane 1974 nan Mondyal ki te fèt nan peyi Almay la. Lè sa majorite jwè ki te reprezante Ayiti yo te sòti nan diferan klèb nan chanpyona nasyonal la.
Depi aprè 74, Ayiti pral resi jwenn chans patisipe nan Mondyal nan lane 2026 la aprè 52 lane ap tann tankou pwa tann. Grenadye yo finalman bon gras ak detèminasyon epi gwo sakrifis komite nòmalizasyon an ki pa sispann chache èd konpatriyòt ki ap evolye nan gwo chanpyona nan mond lan.
Menm jan an tou se pa diferan pou chanpyona nasyonal la ki ap viv moman sa a gras ak gwo sakrifis Olivier Woodensky Pierre. Mitan tèren Violette AC a konvoke nan lis 26 grenadye ki pral reprezante premye nasyon nwa ki lib la pou Mondyal 2026 la. Yon okazyon ki sonnen fyète tout yon pèp kote foutbòl la sou lagraba melanje ak yon ensekirite ki kole tankou yon mòpyon nan degwenn pèp ayisyen an.
Woodensky vini premye jwè Ligue Haïtienne lan ki te jwe pou seleksyon nasyonal e ki konvoke pou Mondyal.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou