Avèk kalifikasyon Ayiti pou Mondyal 2026 la, yon nouvèl enpòtan ap fè anpil bri nan mitan fanatik foutbòl yo. Mitan teren an, Woodensky Pierre, se sèl jwè k ap evolye nan chanpyona nasyonal ayisyen an ki prezan nan lis Grenadye yo. Sitiyasyon sa a kapab pote gwo benefis finansyè pou Violette gras ak pwogram FIFA rele “Club Benefit Programme”.
<b>Kisa FIFA Club Benefit la ye?
FIFA Club Benefit Programme se yon pwogram FIFA mete sou pye pou dedomaje klèb ki bay jwè yo pou seleksyon nasyonal pandan gwo konpetisyon entènasyonal yo, espesyalman Mondyal la. Sa vle di, chak klèb ki gen yon jwè nan Mondyal la ap resevwa lajan pandan jwè sa a anba responsabilite seleksyon li.
Pou Mondyal 2026 la, FIFA prevwa apeprè 355 milyon dola ameriken pou distribye bay klèb foutbòl atravè mond lan. Daprè estimasyon aktyèl yo, chak klèb kapab touche 11 000 dola ameriken pa jou pou chak jwè ki nan konpetisyon an.
Kilè FIFA kòmanse konte jou yo?
FIFA kòmanse konte jou yo depi moman jwè a rantre ofisyèlman nan rasanbleman seleksyon nasyonal li anvan Mondyal la. Y ap kontinye konte chak jou jouk aprè dènye match seleksyon an nan konpetisyon an.
Lè nou konnen FIFA bay kòm dat limit 25 me 2026 la pou tout klèb libere jwè yo pou y al nan seleksyon. Sa vle di, depi Woodensky Pierre rantre nan kan Grenadye yo nan dat sa, Vye Tig la ap kòmanse touche lajan sou non jwè a. Y ap sispann konte jou yo sèlman aprè dènye match Ayiti nan Mondyal la.
Konbyen Violette kapab touche?
Si Ayiti sèlman jwe faz de gwoup yo, Violette kapab touche 330 000 dola vèt selon kantite jou egzak Woodensky pase ak seleksyon an. Chif sa vini se lè nou pran depi dat 25 me a nan rasanbleman yo ajoute jiska nan demen dènye match Ayiti kont Mawòk la, jou k ap 25 jen 2026 la.
Men kèk estimasyon selon avansman Ayiti nan Mondyal la. Si seleksyon an fe Kadefinal l ap anviwon 450 000 dola. Demifinal yo l ap plis pase 550 000 dola, bon si nou fè final li ka jiska 700 000 dola oswa plis.
Pou yon klèb ayisyen, sa ta reprezante yon rantre lajan istorik ki kapab ede amelyore enfrastrikti, peye jwè yo pi byen, epi devlope sant fòmasyon yo.
Yon fyète pou chanpyona ayisyen an
Prezans Woodensky Pierre nan lis final Ayiti a montre tou malgre difikilte chanpyona nasyonal la ap travèse, toujou gen talan lokal ki kapab rive nan pi gwo nivo entènasyonal la. Se yon gwo vitrin ni pou jwè a, ni pou foutbòl ayisyen an jeneral.
Si Woodensky rive jwenn minit nan Mondyal la, sa kapab louvri pòt pou lòt jwè lokal yo epi bay plis vizibilite ak kredibilite pou chanpyona ayisyen an sou plan entènasyonal.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou