Alòske SC Sand t ap file tout dwat sou wout yon monte nan premye divizyon, rezilta katastwofik nan twa dènye match yo lakoz objektif sa pa rive nan bout li. Klèb lan finalman fini nan twazyèm plas aprè dènye jounen chanpyona D2 alman ki jwe ayè dimanch lan.
Nan yon match ki te desizif pou monte nan premye divizyon an, SC Sand fè yon match nil fas VFB Stuttgart 2-2 epi tou pèdi tout espwa pou te rejwenn elit foutbòl alman an sezon k ap vini an. N ap note, Ble yo t ap domine Frauen Bundesliga 2 an pandan yon bon pati sezon an.
Malgre prezans defansè entènasyonal ayisyèn lan ki te titilè pandan rankont sa, SC Sand pa rive fè rezilta l te dwe fè an pou te kapab espere monte nan premye divizyon an. Sou twa dènye match yo, klèb lan pran sèlman 2 pwen sou 9 sa k te posib yo avèk yon bilan katastwofik 2 match nil ak yon defèt.
Chelsea Supris ki te blese pandan yon bon pati sezon an, te retounen sou tèren nan mwa ki sot pase an avèk yon wòl kle nan defans SC Sand lan ki te kapab konte sou eksperyans Grenadye an ki te toujou titilè nan defans lan.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou