AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Aprè 16 match yon atakan ayisyen ki seleksyone pou Mondyal la resi fè gòl

imaj atik la

17 me 2026   Benswilkenson Jean   400

Lis seleksyon nasyonal ayisyèn lan sòti pou Mondyal 2026 la. Derrick Étienne Jr ki se youn nan seleksyone yo resi make yon gòl aprè 16 match san make.


Jwè ayisyen an Derrick Étienne ki gen 29 lane se youn nan jwè antrenè fransè seleksyon nasyonal la Sébastien Migné konvoke pou al reprezante Grenadye yo nan Mondyal 2026 la. Jwè sila k ap jwe nan Toronto FC make premye gòl li depi anviwon 16 match (klèb + selekyon).

Atakan ayisyen an selebre konvokasyon l nan lis jwè ayisyen pou Mondyal la nan youn nan pi bon fason yo ak klèb li.

Jwè a ki te make depi 21 fevriye finalman repran konesans ak wout kan an anviwon 3 mwa aprè. Yon gòl ki se sinonim yon sinyal ki fè santi Grenadye a pare pou al fè fyète bikolò a nan pi gwo evènman espòtif ki egziste sou latè.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou