Nan okazyon match anreta 4èm jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an, Juventus des Cayes fè yon bèl operasyon jodi mèkredi an kote l genyen Racing Club Haïtien nan Land des Gabions an 3-0.
Gras ak Guetz Synvilcat, Séraphin Jachaziel epi Eddyson Elistin, Solo yo fè bèl operasyon sa ki pèmèt yo pase nan premye plas klasman gwoup Sid lan. Juventus des Cayes genyen 8 pwen aprè 4 jounen.
Ekip Okay lan ki anfòm depi kòmansman seri kloti an kontinye ranfòse pozisyon l pou l ta kapab jwenn yon kalifikasyon pou pleyòf lan ki ta dwe demare nan pa twò lontan. Solo yo jiskaprezan nan yon batay avèk Violette AC epi Cavaly AS Léogane ki genyen 7 pwen yo chak.
N ap raple, chanpyona nasyonal premye divizyon an ap òganize depi fen lane 2025 lane sou lobedyans Ligue Haïtienne de Football (LHF), ki se yon lig ki pa kreye depi twò lontan, avèk pou objektif pwofesyonalize foutbòl ayisyen an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou