AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI SeleksyonNasyonal

SeleksyonNasyonal

Dezyèm siksè pou medam U-17 yo nan peyi Kiraso

imaj atik la

28 Janvye 2026   Jacky Chéry   472

Pou dezyèm sòti seleksyon nasyonal ayisyèn lan nan eliminitwa CONCACAF U-17 fanm nan, Grenadye yo fè yon bèl viktwa 5-0 fas Sentlisi pou rapouswiv misyon li ki se kalifye pou dènye faz lan.


Gras ak Kyrah Michelle Lormil ki fè yon double epi Keisha Gué, Krystel Chatelain ak Rosalie Saint Louis, medam ayisyèn yo reyisi kenbe premye plas gwoup C an.

Nan yon match ki pa t twò difisil, Grenadye yo klase medam Sentlisi yo ki fini rankont lan an mwens aprè katon wouj kapitèn yo an te pran nan dezyèm mitan an.

Aprè viktwa 6-1 nan premye match lan fas Antigwa, Grenadye yo refè yon lòt bèl pèfòmans jodi madi an. Medam Frenoy Baptiste yo te louvri eskò an depi byen bonè nan premye mitan an avèk Lormil.

Antrenè fransè seleksyon ayisyèn lan te pwofite pou woule ekip lan avèk titilarizasyon Nia Jasmine Etienne, Adjani Kamanzi Mondestin epi Abeegayel Favilus ki te kòmanse nan kan pou ekip ayisyèn lan.

Pwochen match Grenadye yo se pral pou samdi k ap vini la kote y ap gen pou jwe avan dènye match yo nan konpetisyon an kont Zile Kayiman.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou