Nan kad 8èm jounen Ligue Port-au-Princienne de Futsal (LIPOFU) la, Gymnasium Ayiti Cheri te tounen yon teyat kote yon sèl ekip t ap jwe. Nan yon match ki te gen yon sèl sans, Bwakayiman FC kraze FC Bèl Efò sou yon eskò (14-3), yon rezilta ki make lespri tout moun nan sezon 2025-2026 la.
Si Bwakayiman rive fè yon masak konsa, se gras ak pèfòmans yon mesye yo rele Vilbert Steeve. Jwè an te sèl mèt e seyè teren an, te make 6 gòl nan match la (14', 15', 16', 18', 20', 24'). San okenn sipriz, li te tou fini MVP pou bèl demonstrasyon fòs sa a.
Ekip Bwakayiman an pa t sispann la, lòt jwè te patisipe nan masak la tou. Gen Balthazar Lens N.B ki fè 3 gòl (10', 31', 32'), gen Rigaud John ki te fè yon double (22', 23').
Jwè tankou Innocent Wherley (25'), Amadou Madombe (29') ak Laneus Philippe (36') yo chak fè yon gòl nan masak sa.
Bò kote FC Bèl Efò, match la te yon veritab pinisyon. Malgre yo te eseye reyaji nan kèk moman, yo pa t janm ka kanpe boulèt kanno Bwakayiman yo.
Twa jwè ki rive sove onè pou yo se:
• Lubin Mardoche (11').
• Gedeon Stephayder (14').
• Marcelin Kency E. (31').
Viktwa sa a pèmèt Bwakayiman FC voye yon mesaj bay tout lòt ekip yo nan "Operasyon Futsal 2026". Aprè yo te fin bat AFC Delmas (8-2) nan 7èm jounen an, yo konfime yo se ekip ki gen plis danje devan gòl nan moman an, yo gentan make 43 gòl.
Pandan rès konpetisyon an ap kontinye, ekip Bèl Efò a pral gen pou l reponn anpil kesyon sou defans li ki pran 14 gòl nan yon sèl match, pandan Bwakayiman ap prepare l pou l moute pi wo nan klasman an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou