AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Brayan Alceus lage san klèb aprè pasaj li nan peyi Woumani

imaj atik la

27 janvye 2026   Neuvième Junior   604

Nan dat kite 25 septanm 2025 lan, Brayan Alceus te kite peyi Ameni pou rejwenn lakou Woumani. Sa te fèt nan lide pou li te kapab ale ranfòse efektif klèb Poli Laşi an k ap evolye nan Liga II woumen an. Jounen jodi a, milye tèren ayisyen an lage san klèb aprè kout pasaj sa nan lakou Woumani.


Nan dat kite 25 septanm 2025 lan, Brayan Alceus te kite peyi Ameni pou rejwenn lakou Woumani. Sa te fèt nan lide pou li te kapab ale ranfòse efektif klèb Poli Laşi an k ap evolye nan Liga II woumen an. Jounen jodi a, milye tèren ayisyen an lage san klèb aprè kout pasaj sa nan lakou Woumani.

Aprè transfè entènasyonal ayisyen an, li te kòmanse defann koulè ekip la kont CS Dinamo ki te fè yon match nil (1-1) ak yo nan dat 17 oktòb 2025 lan. Swit ak rankont sa, grenadye a te jwenn chans titilè pou yon dezyèm fwa nan viktwa ekip li a te fè (1-0) sou CSM Reşița. Pou 3èm match li, antrenè a te chwazi kite l sou ban. E pou 3èm match sa sou koulè Poli Laşi, Brayan Alceus te foule pelouz la nan yon mechan defèt (4-0) koyekipye li te konnen.

Depi aprè echèk sa, antrenè klèb la te chwazi kite l sou ban e jwe 3 rankont san ba l chans monte tèren an pou montre sa li kapab fè. Konsa, li fini pakou an ak klèb Woumani san vrèman enpoze l anndan tèren ekip la.

Pandan 7 fwa li te jwenn konvokasyon manadjè klèb Poli Laşi an, pwodwi ayisyen an jwe 3 match e pase 4 sou ban. Nan 3 li te jwe yo, Laşi fè yon nil, yon viktwa epi yon defèt. Pou kounya grenadye a p ap jwe nan okenn klèb. Li sanse lib aprè eksperyans sa li sot fè a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou