Nan dènye jou sa yo, chanpyona Arabi Sawoudit la rive nan moman ki montre se pa youn ou 2 jwè ki kapab kenbe yon klèb menm si yo ta toujou ap fè gòl. Avèk Al Ahli ki konprann nivo yo genyen pou afwonte klèb SPL yo, ap fè yon bagay ki montre yo se youn nan ekip danje k ap goumen pou tit la sezon sa. E pou pwogrè sa, klèb la kontinye domine ak yon 7èm viktwa youn kole ak lòt.

Pou dènye match yo nan chanpyona Arabi an, Ivan Toney ak tout rès jwè yo, pase nan yon lòt etap kote yo san pitye ak advèsè yo. Sòti 30 desanm pou rive 24 janvye a, vèt yo rive jwe 7 rankont nan chanpyona a. Nan sèt konfwontasyon sa yo, solda Matthias Jaissle yo fè 7 siksè konsekitif.
Pandan eksplwa sa, Al Ahli te rive afwonte Al Nassr ki te lidè chanpyona. Lè sa, ekip CR7 lan te tonbe (3-2) fas yo e se youn nan rezon ki vin ogmante konfyans lakay jwè yo pou kontinye mache fè viktwa e okipe dezyèm plas klasman SPL lan pwovizwaman.
Gras ak youn nan meyè jwè yo Ivan Toney 15 gòl nan 16 match, Al-Ahli ap mennen yon batay ti pa, ti pa pou eseye anpeche novo lidè konpetisyon an Al Hilal ranpòte tit la nan fen sezon an.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou