AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Alcenat Marc Helor sove AS Capoise nan 4èm jounen Pleyòf la

imaj atik la

25 janvye 2026   Benswilkenson Jean   632

Nan kad katriyèm jounen faz Pleyòf chanpyona nasyonal la, ASC t ap resevwa Baltimore SC nan pak Felix St Victor a. Match sila a te kòmanse byen dous nan janm vye kòk kapwa yo ki te jwenn ouvèti eskò a nan 45èm minit sou pye J. Bertrand Vilgrain.


Association Sportive Capoise sòti vivan nan 4èm jounen Pleyòf la gras ak mitan tèren yo a Marc Helor Alcenat (#13) ki make gòl egalizasyon an kont Baltimore nan 90èm minit.

Mitan an te fini nan avantaj vye kòk kapwa yo 1-0. Nan dezyèm mitan an, kannòt ASC ta pral panche. Ekip 4×4 la egalize nan 53èm minit gras ak Stravensky Dupiton. James Morisset potko ka konprann vitès bwaron ekip Baltimore SC a. ASC ta pral pran yon dezyèm gòl nan 72èm minit sou pye Alexandre Rempart.

4×4 la te sòti pou pase sou vye kòk la. Nan 90èm minit ak yon espant, vye kòk la pral pran yon dènye fòs epi pèse kawoutchou 4×4 la ak yon kout zepon. Kout zepon sila a te tèlman file, li pèse 2 kawoutchou dèyè 4×4 la pou pèmèt ASC sove match nil lan.

Reyalizasyon kout zepon dènye lè sa a se te Marc Helor Alcenat. Match nil sa pa chanje anyen nan klasman an pou 2 ekip yo. ASC toujou nan 3èm plas la ak 5 pwen pandan Baltimore SC li menm toujou nan bon dènye plas la ak 4 pwen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou