AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Lòt

Lòt

Paj la vire nèt nan Cosmopolites SC: Yon nouvo komite nan tèt klèb la

imaj atik la

29 janvye 2026   Steve Pierre   494

Cosmopolites Sportif Club ap kòmanse yon lòt faz nan listwa li. Aprè yon peryòd tranzisyon ki te chaje ak tèt chaje nan mitan foutbòl ayisyen an, klèb la rive enstale yon nouvo komite direktè jou ki te madi 27 janvye 2026 la, aprè yon gran asanble jeneral.


Pou nou konprann chanjman sa a, fòk nou tounen nan mwa septanm 2025. Prezidan fondatè a, Eveno DESTIN, te siprann tout moun nan dat 25 septanm lè li te anonse li kite tèt klèb la. Li te pran desizyon sa a pou l te denonse move manèv Komite Nòmalizasyon an t ap fè nan foutbòl la ak pou l te pwoteje Cosmopolites SC kont tout move pratik politik espòtif yo.

Nan dat 29 septanm 2025, yon direksyon enterimè te pran relèv la ak Mèt Didier VERITE kòm prezidan epi Richardson JOSEPH kòm sekretè jeneral, pou klèb la pa t rete san chèf pandan tan sa a.

Kat (4) mwa aprè tranzisyon sa a, manm klèb la mete tèt yo ansanm pou bay ekip la yon direksyon ki solid pou yon bon bout tan. Se konsa, yo eli Jerry Gussly DESTIN kòm nouvo Prezidan Cosmopolites SC.

Nouvo komite sa a parèt pi gwo epi li gen moun ki espesyalize nan divès branch. Sa montre klèb la vle travay tankou yon vrè klèb pwofesyonèl.

Men ki jan nouvo Komite Direktè a konpoze :

Ekip k ap dirije klèb la kounye a gen ladan l :
• Prezidan : Jerry Gussly DESTIN
• Vis-prezidan Responsab Finans : Daniella DENESTANT
• Vis-prezidan Responsab Estati ak Direktè Espòtif : Eden ESTIVERNE
• Vis-prezidan Responsab Maketin : Bradley POISSON
• Vis-prezidan Responsab Relasyon Entènasyonal : Marc Rodney MARCELIN
• Sekretè Jeneral : Richardson JOSEPH (ki konfime nan pòs sa a aprè li te fin fè enterim lan)
• Sekretè Adjwen : Magdala S. DESTIN
• Direktè Kominikasyon : Grégoire MAXIUS
• Direktè Administratif : Josué FLOREXIL

Avèk eleksyon sa a, Cosmopolites SC montre li vle mete estabilite nan lakou l. Lè yo ranfòse estrikti a konsa, yo bay tèt yo mwayen pou yo rete nan mitan gwo tonton klèb nan peyi a, pandan y ap kenbe liy etik ak transparans fondatè a te toujou vle a.

Gwo defi ki devan Jerry Gussly DESTIN ak ekip li a, se jere klèb la nan mitan kriz foutbòl ayisyen an ap travèse a, pou yo ka mennen ekip la nan gwo siksè sou teren an, sitou nan seri kloti a k ap gen pou fèt nan 2026 la.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou