AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Jamesley Daniel kontinye pote Salcedo FC sou do li nan 2èm faz sezon 2025-2026 la

imaj atik la

25 janvye 2026   Steve Pierre   712

Nan dezyèm pati sezon 2025-2026 la, Jamesley Daniel ap konfime wòl li kòm poto mitan Salcedo FC. Atakan an pa sispann enpoze rit li nan faz pleyòf yo kote li deja tounen gwo atou ekip la gras ak gòl enpòtan li yo.


Nan premye jounen pleyòf yo, Salcedo FC te genten yon kòmansman difisil. Klèb la te tonbe (2-0) kont Moca FC, yon defèt ki te mete presyon sou ekip la depi nan kòmansman dezyèm faz la.

Men, reyaksyon an pa t pran tan. Nan dezyèm jounen an, Salcedo FC te deplase nan Estadio Panamericano pou al fè fas ak O&M FC. Nan yon match chofe anpil, Salcedo FC ranpòte viktwa a (2-3), gras ak yon gòl kapital Jamesley Daniel make nan 90+1’. Gòl sa a pa t sèlman bay twa pwen yo, li te ofri tou premye viktwa Salcedo FC nan 2èm faz sezon an.

Ayè samdi 25 janvye a, pou twazyèm jounen an, Salcedo FC te gen yon gwo defi devan li nan Estadio Cibao, kont chanpyon an tit yo. Nan yon rankont byen anime, de (2) ekip yo separe sou yon match nil (2-2). Yon fwa ankò, Jamesley Daniel te jwenn chimen gòl la e konfime fòm eksepsyonèl li ak enpòtans li nan sistèm jwèt Salcedo FC a.

Avèk gòl desizif sa yo, Jamesley Daniel ap kontinye pote Salcedo FC sou zepòl li nan pleyòf yo. Si rit sa a kenbe menm jan ak premye pati sezon an, atakan an kapab fini pi bon bitè sezon 2025-2026 la, pandan Salcedo FC ap chèche ale pi lwen posib nan konpetisyon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou