AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Baltimore ap tann Ouanaminthe pou tante pran premye plas gwoup A

imaj atik la

27 janvye 2026   Neuvième Junior   804

Gras ak Alexandre Rempart, Baltimore te fè yon sòti ki make lespri tout moun Wanament. Pandan dezyèm jounen match ale pleyòf la, ekip senmakwa a te deplase pou ale afwonte ekip Ouanaminthe FC a, nan Parc Notre Dame (Vapor). Match enpòtan sa ant 2 bèl ekip Nò yo, te fini an favè vizitè yo ki pa t rate okazyon pou pran 3 pwen sila.


Gras ak Alexandre Rempart, Baltimore te fè yon sòti ki make lespri tout moun Wanament. Pandan dezyèm jounen match ale pleyòf la, ekip senmakwa a te deplase pou ale afwonte ekip Ouanaminthe FC a, nan Parc Notre Dame (Vapor). Match enpòtan sa ant 2 bèl ekip Nò yo, te fini an favè vizitè yo ki pa t rate okazyon pou pran 3 pwen sila.

Ebyen, Aprè match ale a te jwe nan lakou Wanament, kounye a se moman pou 4x4 la pwouve viktwa yo te fè an deplasman pa t yon aza. Pou fè sa, Baltimore Sportif Club ap akeyi sou Parc Antoine Levelt, kapitèn yo pou 5èm jounen faz pleyòf la.

Pou match retou sa, ekip Baltimore a ki te bat Ouanaminthe FC, gen yon objektif byen detèmine ki pa lòt se fè viktwa pou yo kapab rache premye plas la anvan dènye jounen an. Avèk avantaj tèren an, 4×4 la ki se sèl reprezantan vil Senmak nan faz sa, gen 60% chans pou ta rive enpoze yo.

Men lè nou konnen sa klèb kapitèn lan reprezante sezon sa nan gwoup A blòk Nò a, sa kite anpil rezèv lakay anpil fanatik. Sòti nan etap kote ekip yo t ap goumen pou rive nan top 4 la ak 4 jounen ki deja jwe nan pleyòf lan, klèb Ouanaminthe FC ki t ap jwe yon foutbòl klasik kontinye sou menm lanse a.

Fason jwè yo aplike nan fè balon an sikile, deplase pandan yo pasyan pou òganize jwèt la, estrateji yo itilize pou defann an blòk la, pèmèt yo toujou bay pwoblèm ak tout advèsè ki sou chimen yo. E nan faz desizif sa, klèb Baltimore a ap oblije ogmante jefò yo pou kapab fè yon dezyèm viktwa konsekitif sou Kapitèn yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou