AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI Ekspatriye

Ekspatriye

Wilson Isidor toujou nan yon peryòd difisil

imaj atik la

25 janvye 2026   Steve Pierre   642

Sunderland AFC tonbe ayè nan Premier League la (3-1) devan West Ham United nan kad 23èm jounen chanpyona a. Sou yon lòt bò Wilson Isidor kontinye anrejistre move pèfòmans.


Nan rankont sa a, atakan franko-ayisyen an Wilson Isidor te antre kòm ranplasan, li te jwe 15 minit san li pa rive chanje sò match la. Pèfòmans sa a vini ranfòse yon seri difisil pou jèn atakan an, ki rive kounye a sou 12 match youn aprè lòt san li pa make.

Dènye fwa Wilson Isidor te jwenn chimen gòl la se te 25 oktòb 2025, lè sa Sunderland te fè yon viktwa (2-1) kont Chelsea FC. Depi jou sa a, bilan atakan an rete sou 4 gòl sèlman nan sezon an, yon chif ki pa reflete tout atant yo te genyen sou li yo.

Akòz mank efikasite sa a, Isidor pèdi plas titilè li nan ekip la. Dènye fwa li te kòmanse yon match se te 6 desanm 2025, pandan defèt (3-0) kont Manchester City a, kote li te jwe 56 minit anvan li te kite tèren an.

Pou sezon 2025-2026 la, atakan 25 lane a patisipe nan 20 match, pami yo 11 kòm titilè, ak yon mwayèn 50 minit pa match li jwe. Yon estatistik ki montre li toujou enplike nan plan teknik ekip la, men ki soulve kesyon sou kapasite li pou retounen rapidman nan pi bon fòm li.

Nan yon kontèks kote Sunderland ap goumen pou estabilite nan chanpyona a, retou Isidor sou chimen gòl la kapab tounen yon eleman kle pou rès sezon an.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou