AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Kiyès Rolph Edson Joseph ye, ansyen antrenè Tempête FC a?

imaj atik la

28 janvye 2026   Benswilkenson Jean   279

Rolph Edson Joseph se ansyen antrenè Cosmopolite SC ak Tempête FC. Li kanpe karyè foutbolè l ak 24 lane epi kòmanse yon bèl karyè antrenè ki deja parèt sou karayib la ak Tempête FC.


Rolph Edson Joseph fèt nan dat 7 dawout 1992, li gen 33 lane ak 175 jou. Li se pitit Edline Jules ak Samson Joseph. Li sòti nan vil Senmak depatman nòdès peyi a. Rolph Edson sòti nan yon fanmi 4 pitit, li se ti frè Guemsly Junior Joseph moun plis konnen sou non Gameboy. Li fè etid li nan College Mixte Bon Samaritain, Lycée Bicentenaire ak College Eben Ezer nan Senmak ak nan Ecole National des Talents Sportif nan ranch kwadèboukè a. Rolph Edson se yon nonm marye.

Rolph pral antre nan mond foutbòl la gras ak gran frè l Gameboy. Premye bitè seleksyon nasyonal mwens 17 lane a nan Mondyal 2007 la, Gameboy te transmèt pasyon jwèt la nan kabare ti frè li Rolph Edson Jules. Gameboy te tounen yon boustè pou Rolph nan epòk la ki pa t konn jwe boul ditou.

Bourad sa yo pral pote rezilta pou Edson Joseph ki pral pote koulè seleksyon nasyonal mwens 15 lane a ak mwens 17 lane a. Edson te jwe pou Cosmopolite SC tou nan twazyèm divizyon an nan lane 2016.

Se tout eksperyans sa yo ki pral fè jèn lan jwenn yon pwofon pasyon nan kabwèt foutbòl la jouk li vin tounen yon pyès nan jwèt la nan peyi a.

Ak sèlman 24 lane, Rolph Edson Joseph kanpe karyè foutbòlè l pou antre nan yon nouvo sèk nan jwèt la. Koup Ewòp 2016 la ekip Pòtigal la te ranpòte a se pral eksperyans ki pèmèt jèn lan konnen kapasite analiz li jouk pou l vin kanpe sou ban yon ekip kòm antrenè foutbòl.

Rolph Edson pase plizyè etap nan karyè antrenè l jouk li rive antrenè prensipal epi rive sou pi gwo tab nan foutbòl lokal la. Rolph Edson se yon senbòl vivan nan foutbòl ayisyen an kòm yon jèn ki konsakre tan l ak foutbòl lokal la.

Nan yon pwochen atik GolAyiti ap gen pou retrase karyè antrenè Rolph Edson Joseph kòm antrenè ki pase nan plizyè klèb nan chanpyona nasyonal la pami yo Tempête FC.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou