AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

LHF / Pleyòf : Kat match nil ki kenbe sispenns lan toujou

imaj atik la

26 janvye 2026   Steve Pierre   792

Nan de (2) jounen se pral fen faz gwoup yo, okenn ekip poko valide biyè l pou gran final la. Sitiyasyon an vin pi mare nan klasman an apre 4èm jounen an kote tout ekip yo separe pwen yo nan tou de (2) gwoup yo.


Samdi 24 ak dimanch 25 janvye sa a, fanatik foutbòl nan peyi Dayiti te espere wè kèk ekip detache yo, men se pa sa k rive. Nan Gwoup A (Grand Nò) tankou nan Gwoup B (Grand Sid), se te yon sèl chanson "pataje pwen yo" nan tout nivo. Rezilta sa yo rann de dènye jounen k ap vini yo tounen yon veritab "final" pou chak klèb, paske matematikman, tout 8 ekip yo toujou gen yon chans pou yo fini premye nan gwoup pa yo.

Nan Grand Nò a, AS Capoise ak Baltimore SC fè yon match (2-2), pandan Racing FC ak Ouanaminthe FC kite teren an sou yon eskò vyèj (0-0). Malgre match nil sa a, Ouanaminthe FC rete nan premye plas la ak 7 pwen, men Racing FC ak AS Capoise ap mache dèyè yo ak 5 pwen yo chak. Baltimore SC, ki gen 4 pwen, poko di dènye mo l non plis.

Nan Gwoup B a, Violette AC pa t ka fè pi byen pase yon match nil (1-1) kont Cavaly AS. Yon lòt bò, Racing CH ak Juventus FC bay yon bèl espektak ki fini (2-2). Violette AC domine gwoup sa a ak 8 pwen, sa ki ba yo yon ti avantaj sou Juventus FC ki gen 4 pwen. Men, ak de (2) match k ap rete pou jwe, fòk Violette rete vijilan pou l pa pèdi premye plas la ki bay sèl tikè pou final la.

Règleman konpetisyon an klè, se sèlman ekip ki fini premye nan chak gwoup k ap gen dwa pou al batay nan final la pou tit chanpyon Seri Ouvèti a pou sezon 2025-2026 la. Sa vle di, nan 5èm ak 6èm jounen an, erè p ap pèmèt. Chak pwen, chak gòl pral konte tankou lò.

Èske Ouanaminthe ak Violette ap kapab kenbe presyon an jouk nan bout, osinon èske n ap gen sipriz nan fen faz sa a? N ap tann rès match yo pou n konnen kiyès k ap kouvri ak glwa ane sa a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou