Match sila a te konte pou match retou ant 2 ekip yo nan Pleyòf la. Atakan Racing FC a Claudeson Stanley Céus ki se patwon atak la nan Chanpyona nasyonal la (7gòl) pat reyisi tranble filè fas ekip Ouanaminthe lan.
Nan kad katriyèm jounen Pleyòf la nan lakou gwoup nò a, Racing FC ak Ouanaminthe FC bay lamen nan pak Vincent an nan lakou Gonayiv 0-0.
N ap raple pou match ale a Ouanaminthe FC te bat Racing des Gonaïves 2-0 gras ak Robinson Philogène ak Sinor Louibenn. Match nil sa pa retire anyen sou tou 2 ekip yo nan klasman an.
Ouanaminthe FC toujou nan tèt klasman an ak 7 pwen epi Racing FC nan do l ak 5 pwen aprè 4 jounen nan Pleyòf la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou