AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Violette AC kontinye domine premye plas gwoup Sid pleyòf lan

imaj atik la

27 janvye 2026   Neuvième Junior   605

Aprè 4 jounen pleyòf, chanpyona nasyonal la l kòmanse gen yon ide sou gwoup Sid la, konsènan klèb ki pi byen pozisyone pou rive nan dènye etap la. Lè nou gade tablo a, nou kapab wè Violette AC okipe premye plas la ak 8 pwen pandan rete 2 jounen pou nou konnen ki ekip nan zòn Sid la ki pral jwe final premye tou konpetisyon an.


Aprè 4 jounen pleyòf, chanpyona nasyonal la l kòmanse gen yon ide sou gwoup Sid la, konsènan klèb ki pi byen pozisyone pou rive nan dènye etap la. Lè nou gade tablo a, nou kapab wè Violette AC okipe premye plas la ak 8 pwen pandan rete 2 jounen pou nou konnen ki ekip nan zòn Sid la ki pral jwe final premye tou konpetisyon an.

Pou rive nan final sa, klèb yo gen obligasyon pou goumen nan match ale pou fini ak yon bon rezilta menm jan ak retou yo. Ebyen vye Tig yo ki te rate okazyon pou fè final nan chanpyona espesyal sezon pase a, chwazi pran desten yo pou sezon sa.

Depi lè pleyòf lan demare a, pwoteje Rony Attimy yo fè tout sa k posib yon fason pou evite glise lakay ekip yo. Pandan deplasman klèb kapital la, jwè yo te jere match yo nan meyè fason an kote Tig yo te genyen Cavaly (0-1), fas Juventus des Cayes se te (0-0) epi krake zo vye Tig yo (2-0).

Nan faz retou a ki deja demare, Roberto Jean akonpanye ak koyekipye li yo, deja fè yon match nil (1-1) kont leyoganè yo ki te an deplasman. Aprè nil sa, pou 4 jounen pleyòf, Tig yo deja konte 8 pwen nan tèt klasman. E demen mèkredi an sou Parc Sainte-Thérèse, Violette AC ap resevwa Juventus des Cayes pou tante fini ak espwa klèb kayen an.

Si nou ap swiv anje ki genyen nan klasman an, pou Juventus des Cayes ta rive fini premye, yo ta dwe bat Violette demen epi bat Cavaly nan dènye jounen an pou fini ak 10 pwen. Lè sa tou, fòk Racing ta fè viktwa oubyen fè yon nil kont vye Tig yo nan dènye jounen an.

Men, etap sa parèt difisil pou klèb kayen an ki pa t pwofite avans yo te genyen nan dènye match yo te jwe fas Racing nan, pou fè viktwa e mete presyon sou Violette AC.

Klasman konplè
Violette 8 pwen
Juventus 4 pwen
Cavaly 3 pwen
Racing 3 pwen

Juventus des Cayes ki konte 4 pwen nan pleyòf la pako fè defèt ni viktwa. 4 pwen pou 4 match nil.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou