AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Kervens Romulus pote Racing CH pou anpeche yo tonbe fas Juventus

imaj atik la

26 janvye 2026   Neuvième Junior   786

Pou kontinye avanse ak 4èm jounen faz pleyòf chanpyona nasyonal la, Racing Club Haïtien te resevwa an bon zanmitay ekip Juventus des Cayes la ki pran nan pyèj pou yon lòt fwa ankò.


Pou kontinye avanse ak 4èm jounen faz pleyòf chanpyona nasyonal la, Racing Club Haïtien te resevwa an bon zanmitay ekip Juventus des Cayes la ki pran nan pyèj pou yon lòt fwa ankò.

Sou Parc Sainte-Thérèse PV, Solo yo tonbe anba men Romulus Kervens ki te pote Racing CH sou do l jodi a. E jèn talan sa kreye yon sansasyon lakay tout moun ki t ap asiste rankont sa depi nan tribin ak sou rezo sosyal yo.

Nan kòmansman rankont sa, klèb Juventus des Cayes la te demare ak yon foutbòl kote se long pas yo t ap jwe pandan 15 premye minit yo. Aprè sa, vye Lyon yo ki t ap obsève advèsè a, te deside mete pye sou balon an e anpeche ekip solo a jwe. Fason Kervens t ap jwe yon wol enpòtan anndan tèren klèb kapital la, te pèmèt Racing domine tout rès premye peryòd la ki te fini (0-0).

Aprè poz mitan an, dezyèm peryòd la te demare ak anpil difikilte, men aprè kèk minit ap jwe, ti mesye vye Lyon yo te rive repran kontwòl balon an pou pouse kayen yo jis Romulus te mete an kolè jwè Solo yo nan 51èm minit. 7 minit aprè swa nan 58èm Ronald Sylvain mete souri sou vizaj ekip Juventus la (1-1).

Ak gòl sa yo, animasyon an te vin ogmante bò kote 2 ekip yo ki t ap eseye pouse. E kòm rezilta, antrenè solo yo ki te fè kèk chanjman te rive jwenn rezilta gras ak Guetz Synvilcat ki te sibi yon fot nan 16 mèt la e jwenn yon penalite. Pou te transfòme li, Peterson Seïde te bati gadyen Racing lan nan 75èm pou (1-2). Grenn gòl sa chanpyon an tit yo te fè a, te ogmante foug klèb Racing lan pou chache egalizasyon e anpeche Juventus sòti ak premye viktwa yo nan pleyòf la.

Pou sa, orijinè Leyogàn lan Romelus te pral fè talan pale pou yon dezyèm fwa nan 89èm minit sou yon bèl frap anwoule nan dezyèm poto a, pou rache egalizasyon an (2-2) e pèmèt vye Lyon yo ki pa t sispann epate moun ak kalite foutbòl yo t ap pwodwi, evite yon defèt.

Men m jwè sa ki fè 2 gòl pou Racing Club Haïtien jodi a, jwe yon foutbòl ak anpil cham. Fason li deplase, sèvi koyekipye li yo e jan li te gen fasilite pou elimine jwè Juventus yo, fè plizyè moun ki t ap asiste rankont lan aplodi l pou felisite l aprè gwo pèfomans sa.

Youn nan fè ki make rankont lan, se chanjman abit santral la ki te oblije kite plas li pou 4èm abit la akoz yon malèz li te genyen. Sa te vini aprè yon kout boul li te resevwa san volonte jwè a.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou