Nan okazyon 5èm jounen Lig Ayisyèn Foutbòl lan, Violette AC fè yon bèl operasyon sou tèren Sainte-Thérèse lan kont Juventus des Cayes yo bat yon gòl a zewo.
Gras ak Kelly Clergé ki make grenn gòl match lan nan 68èm minit, Vye Tig yo kenbe twòn lan nan gwoup Sid lan epi valide tikè l pou final chanpyona nasyonal premye divizyon an.
Aprè yon bon pakou nan premye faz konpetisyon an, jwè Rony Attimy yo refè l ankò nan pleyòf lan kote yo asire yo y ap fini premye nan gwoup Sid lan avan menm dènye jounen an.
Aprè 5 jounen, Violette AC lidè gwoup Sid lan avèk 11 pwen, devan Juventus, Cavaly ak Racing Club Haïtien.
N ap note, Vye Tig yo pral gen pou jwe kont ekip k ap fini premye gwoup Nò an ki genyen nan tèt li Racing des Gonaïves, ki genyen ASC jodi mèkredi an 3-1, avèk atakan vedèt yo an, Stanley Claudeson Céus, ki fè youn nan gòl yo.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou