AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Juventus pa rive mete sispens nan gwoup B a malgre yon bon Seïde

imaj atik la

29 janvye 2026   Neuvième Junior   491

Avèk plizyè jwè blese san bliye kèk jwè ki pa fè pati efektif Juventus des Cayes la ankò, Solo yo te prezan sou Parc Sainte-Thérèse. Prezans yo sou tèren Petyonvil la, se pou yo te kapab jwe match retou pleyòf la kont Violette AC ki fè yon viktwa enpòtan (1-0) malgre tout efò Peterson Seïde te fè pou kapote rèv Tig yo.


Avèk plizyè jwè blese san bliye kèk jwè ki pa fè pati efektif Juventus des Cayes la ankò, Solo yo te prezan sou Parc Sainte-Thérèse. Prezans yo sou tèren Petyonvil la, se pou yo te kapab jwe match retou pleyòf la kont Violette AC ki fè yon viktwa enpòtan (1-0) malgre tout efò Peterson Seïde te fè pou kapote rèv Tig yo.

Pou te demare rankont lan, antrenè Juventus la ki jwe plizyè match nan yon sistèm ki mande pou Peterson Seïde jwe kòm demi lateral, mete Juventus nan yon sitiyasyon ki lakoz ekip la soufri anpil. Paske, ak plasman sa, Seïde ki se youn nan jwè ki souvan gen responsablite pou òganize jwèt la padan li ap delivre dènye pas yo, souvan rive nan kèk moman ki lakoz milye tèren an konn pase tout 90 minit yo san fè gwo bagay.

Fwa sa ankò, kont Tig yo, manadjè Hilas Jean Manel te chwazi sakrifye Seïde akoz efektif li ki redwi jis paske gen plizyè jwè kle blese. Men malgre sa, Peterson te fè tout posib pou eseye ede klèb solo a atake advèsè a ki t ap domine yo depi nan kòmansman pati a. E pou montre dominasyon an, Tig yo te sòti grif yo byen bonè pou fè presyon sou kayen yo jis pou anpeche yo soti ak balon an.

Juventus ki pa t kapab jwe san presyon, te oblije ap voye balon devan paske yo te mal pou sòti ak balon an. Ak tout sa, Seïde te tante plizyè pas nan do defans ekip Violette la men sa pa t pote anyen. Nimewo 1 gwoup Sid la ki te konprann kayen yo paka kenbe konpa, te atake san rete pou wè kòman yo te kapab make gòl. Poutan, Séraphin Jachaziel te kanpe an bon mèt defans pou defann ekip la ak tout kè l.

Aprè tout jefò sa bò kote defansè a ak tout Claude Makendy, Violette AC te jwenn yon koufran pou tiye espwa pwoteje Hilas yo. Gras ak yon bon pye, Kelly Clergé 68èm klase Victor Emmanuel nan premye poto an, malgre efò l te fè pou eseye detounen koufran sa ki t ap vin rasòl, avan l te Rabat atè sou pelouz la e twonpe Victor.

Viktwa (1-0) sa Tig yo fè a, pèmèt yo bat Juventus aprè plizyè lane. Konsa tou, 3 pwen sa tou pèmèt yo kalifye nan gwoup Sid la pou final seri ouvèti chanpyona nasyonal lan.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )