Nan kad match 3èm jounen gwoup B a ki te mete Don Bosco de Petion-Ville fas America des Cayes, match sila fini san gòl. Ligue Haïtienne Football la te pwofite remèt premye twofe "meyè jwè match" pou sezon an. Gadyen Don Bosco a Oxat Francisco se premye benefisyè a
Nan match sila a, Ligue Haïtienne Football la pwofite reyalize anons li te fè pandan semèn lan sou nouvo twofe li t ap pral bay la. Twofe sila a ki rekonpanse jwè ki fè plis enpak nan match la te ofisyèlman bay jan LHF la te di l la nan match Don Bosco a kont America FC a ki se premye match wikenn lan.
Gadyen Don Bosco a Oxat Francisco se premye jwè ki benefisye twofe sa aprè bon pèfòmans li nan match la. Jan LHF te anonse l la, apati wikenn sa tout match yo pral gen yon meyè jwè, epi yo ap rekonpanse jwè a touswit aprè match la.
Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou