AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Juventus des Cayes pral tante fè premye viktwa li nan pleyòf la

imaj atik la

25 janvye 2026   Neuvième Junior   967

Aprè 3 rankont san viktwa, moman rive pou klèb kayen an leve tèt li epi defann tit chanpyon sezon 2024-2025 lan. Men pou ale tante souke kò yo, ekip Solo a oblije fè deplasman an direksyon kapital la avèk objektif fè viktwa. Pandan sejou yo nan pòtoprens, koyekipye Peterson Seïde yo ak li, ap gen pou jwe 4èm jounen pleyòf la kont Racing club Haïtien jodi dimanch lan avan menm yo afwonte Violette AC lòt wikenn.

Avan katriyèm match sa, klèb Juventus des Cayes la te resevwa tout match ale yo sou tèren Land des Gabions. Nan twa rankont sa yo, ble e nwa yo kite lakay yo, yo pa t pwofite avantaj tèren an pou te mete atè, do Racing Club Haïtien ki ap tann yo jodi a. Solo yo ki pa t dwe rate okazyon pou bat match la, te fè yon match nil (1-1) pou sove yon grenn pwen.

Pou retou a ki ap gen pou jwe nan petyonvil, Juventus des Cayes gen pou misyon ale fè viktwa deyò pou kapab espere chanje tandans lan e mete l an favè yo. Men, ak dezavantaj piblik plis tèren, tach la ap parèt pi difisil pou yon ekip ki pèdi nan jwèt li sezon sa. Poutan, si nou ap apiye sou sipriz ki konn souvan genyen nan sa ki rele match foutbòl, nou pakab lage tout avantaj la nan men klèb kapital la.

Avèk yon sèl objektif ki se fè premye viktwa nan pleyòf la, solo yo dwe mete yo nan kondisyon pou gen kontwòl jwèt la, pou evite long pas san rete yo epi pèmèt mitan milye yo sèvi atak la ki manke efikas dènye jou sa yo.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou