AYITIPremyeDivizyonDezyemDivizyonSeleksyonNasyonalEkspatriyeLòt
AKÈY AYITI PremyeDivizyon

PremyeDivizyon

Gwo sanksyon tonbe nan chanpyona a : Ouanaminthe ap jwe san fanatik, Baltimore pran amand, Cosmopolites byen sòti

imaj atik la

14 mas 2026   Steve Pierre   839

Sekretarya Jeneral Lig Ayisyen Foutbòl (LHF) mete deyò yon seri desizyon jodi samdi 14 mas 2026 la aprè plizyè ensidan grav ki te rive nan dènye jounen chanpyona nasyonal premye divizyon an.


<b>Ouanaminthe FC : Pa gen fanatik, men yo sove 800 mil goud

Pi gwo sanksyon an tonbe sou do klèb Ouanaminthe FC a. Pandan match yo t ap jwe kont Real Hope, nan kad 2èm jounen premye faz seri kloti a. Te gen gwo deblozay, kote fanatik te voye boutèy ak wòch sou abit yo. De (2) abit asistan te blese nan do ak nan tèt, sa ki te fòse lapolis fè rale zam ak tire anlè pou kalme sitiyasyon an.

Malgre gravite zak la, LHF deside pa fè klèb la peye amand 800,000 goud la. Rezon an? Komisyon an rekonèt jwè ak dirijan Ouanaminthe yo te kore abit yo epi akonpaye yo sòti nan vil la pou anyen pa t rive yo. Men, kòm pinisyon, Ouanaminthe ap gen pou l jwe tout rès match li yo san fanatik pou premye faz la. Pa bliye ekip Real la te bat match sa (0-2).

Baltimore SC pran yon amann 150 mil goud

Nan Senmak, klèb Baltimore SC an nan cho tou. LHF pini yo paske yo pa t bay ekip ASC a aksè nan pak la nan lè règleman yo mande a. Ekip vizitè a te rive antre nan pak la a 3zè3 minit nan aprèmidi sèlman, alòske match la te dwe kòmanse a 4trè.

Pou mank òganizasyon sa a, Baltimore dwe peye yon amand 150,000 goud. Lig la voye yon avètisman sevè bay dirijan senmakwa yo pou yo respekte pwotokòl yo pi byen.

Cosmopolites SC: Yon avètisman pou rad ki chanje sou tèren

Yon ka ki parèt dwòl men ki kont règleman yo te rive nan match ant FICA ak Cosmopolites SC. Jwè Cosmopolites yo te deside chanje rad yo epi pare kò yo sou teren an ak sou ban touch la, alòske te gen vestyè ki te disponib pou yo.

LHF fè konnen aksyon sa a te ka koute yo 50,000 goud, men yo anile amand lan pou fwa sa a. Sepandan, klèb la resevwa yon avètisman ofisyèl. Si sa rive ankò, y ap peye san paspouki.

Tout desizyon sa yo antre an aplikasyon touswit depi jodi 14 mas 2026 la, dapre sa Sekretè Jeneral LHF la, Marie Élise Obas siyen.

KÒMANTÈ

Nouvo kòmantè

Si ou vle resevwa notifikasyon sou kòmantè sa )

TekEnfo

Solisyon pou tout sa w bezwen nan domèn enfòmatik

Plis detay

RETE ENFÒME

Pa rate nouvèl ak analiz sou foutbòl an Kreyòl gras ak nou